Enpak deplasman an mas pwofesyonèl sante yo nan lòt peyi sou sistèm sante ayisyen
Pa: Widley Maximin
Anpil pwofesyonel lasante ann Ayiti ap kite peyi a al chache pi bon mwayen poul viv. Depi kèk tan Ayiti ap fè fas ak divès sitiyasyon difisil. Nan moman sa a, gen anpil kriz k ap ravaje peyi a, sitou kriz sosyo-politik ak ekonomik ki mennen nan fenomèn bandi, kidnapin, asasina ak lavi chè. An fas ak tout sitiyasyon sa yo, tout kouch sosyete a ap chèche yon fason pou yo kouri kite peyi a jis pou kondisyon lavi yo ka amelyore. Entelektyèl, peyizan, etidyan lekòl, machann, timoun kou granmoun, tout ap chèche yon fason pou yo migre epi ale viv nan yon lòt peyi. Anpil pwofesyonèl sante ap kite peyi a.
Li se yon sitiyasyon vrèman difisil paske pwofesyonèl lasante yo tou pa epanye nan ensekirite a, lavi chè ak kidnaping la tou. Li toujou yon risk pou w viktim krim sa yo nan lari, nan lopital la oswa lakay ou. Sa vin tounen youn nan faktè ki lakòz pwofesyonèl sante yo kite peyi a e ki ka gen gwo enpak sou sistèm sante ayisyen an.
Daprè Ayibopost ki se yon jounal nan peyi a, nan moman yo ye a, Ayiti pèdi anpil doktè nan yon nivo ki vrèman enkyete akoz ensekirite k ap ravaje peyi a. Se sèlman nan mwa mas la, lopital la nan inivèsite Mibalè anrejistre yon ogmantasyon de plis pase 22% nan moun ki abandone pòs yo, yo kite peyi a. Sitiyasyon sa a repete nan plizyè lòt lopital nan peyi a ki agrave kriz ki te deja egziste nan sistèm sante ayisyen an.
Deplasman an mas nan sektè sante a se pa yon bagay nouvo ann Ayiti. Nan fen ane 2019, Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) rapòte ke gen plis pase 12,000 doktè ki kite Ayiti ant 2010 ak 2015 pou viv ak travay nan lòt peyi. Sa a kite yon gwo enpak sou sistèm sante a. Anplis doktè, anpil lòt pwofesyonèl tankou enfimyè, teknisyen medikal ak lòt travayè lasante ap kite peyi a pou chèche pi bon kondisyon travay, salè ak avansman nan karyè yo nan lòt peyi. Nan anpil ka sa lakòz yo pèdi karyè pwofesyonèl yo.
Ler sa bann profesyonnel lasante i ariv dan lezot pei malerezman zot fer fas avek en seri konplikasyon akoz i pa fasil pour entegre sistenm lasante pei kot zot ale. Sa a souvan mennen yo pèdi karyè yo oswa sitiyasyon sosyal yo. Li vrèman difisil pou yo rekonèt konpetans yo nan nouvo peyi yo, jwenn yon travay ki koresponn ak konesans ak konpetans yo, epi adapte yo ak nouvo anviwònman kiltirèl ak pwofesyonèl la. Anplis de sa, pwofesyonèl sante yo fè fas ak kèk baryè tankou baryè lang, aksè limite nan fòmasyon pwofesyonèl ak kondisyon regilasyon pou pratike pwofesyon yo nan peyi kote yo rive. Anpil fwa yo oblije abandone karyè yo pou yo jwenn yon lòt fason pou yo fè lajan, e sa fè yo travay nan lòt domèn ki pa gen anyen pou wè ak pwofesyon yo.
Enpak mouvman an mas pwofesyonèl sante yo nan yon lòt peyi gen yon seri konsekans negatif sou sistèm sante ayisyen an ki kapab afekte sante ak byennèt tout moun nan peyi a. Lè pwofesyonèl yo ale, li kite anpil pwoblèm nan peyi a. Youn nan pwoblèm yo se mank konesans ak eksperyans nan sistèm sante peyi a paske pwofesyonèl lasante yo gen lòt konpetans ki ka ede amelyore sistèm sante peyi a, tankou nan fòmasyon, planifikasyon ak konsèy teknik. Absans yo nan peyi a lakòz yon mank ranfòsman kapasite sante nan nivo nasyonal la. Sa mennen nan mank de bon espesyalis pou fòme fiti etidyan sante yo.